Apre sa, Jezi te chita vizavi ak bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan. Li t'ap gade moun yo ap mete lajan ladan li. Plizyè moun rich t'ap mete anpil lajan. Yon pòv vèv vin rive tou. Li lage de ti pyès senk kòb. Lè sa a Jezi rele disip li yo, li di yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pòv vèv sa a bay plis pase tout moun ki mete ofrann nan bwat la. Paske, tout moun sa yo mete sa yo pa bezwen. Men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l te genyen, tout sa l te gen pou l viv.
Li Mak 12
Koute Mak 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 12:41-44
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo