Yo te voye kèk farizyen ak kèk patizan Ewòd kot Jezi pou wè si yo te ka rache yon pawòl nan bouch li pou antrave li. Yo vin di l konsa: — Mèt, nou konnen ou se moun ki kare, ou pa pè pèsonn, paske ou pa gade sou figi moun. Men, ou moutre chemen Bondye a jan li ye a. Manyè di nou: eske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an? Eske nou dwe peye li? Wi ou non? Men Jezi te konnen yo gen lòt lide dèyè tèt yo. Li reponn yo: — Poukisa n'ap chache pran m nan pèlen konsa? Pote yon pyès lajan ban mwen pou m gade yon bagay. Yo pote yon pyès lajan ba li. Jezi mande yo: — Pòtre ki moun ak non ki moun ki sou pyès lajan an? Yo reponn li: — Se pòtre Seza ak non Seza. Lè sa a, li di yo: — Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye. Pawòl sa a te fè yo pi sezi ankò.
Li Mak 12
Koute Mak 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 12:13-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo