Mak 12:1-12

Mak 12:1-12 HAT98

Apre sa, Jezi pran rakonte yo yon parabòl. — Vwala se yon nonm ki te gen yon jaden rezen. Nonm lan leve lantouray klotire jaden an. Li fouye yon basen pou kraze rezen. Li bati yon kay bay moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li ak kèk moun pou okipe jaden an. Lèfini li pati l'al nan vwayaj. Lè sezon rekòt la rive, li voye yon domestik bò kote moun ki t'ap okipe jaden an pou li. Li te voye chache pòsyon pa l nan rekòt rezen an nan men yo. Yo mete men sou domestik la, yo bat li byen bat, epi yo voye l tounen bay mèt jaden an san yo pa ba l anyen. Mèt jaden an voye yon dezyèm sèvitè kote yo ankò. Fwa sa a menm, se nan tèt ase yo bat li, epi yo vekse li byen vekse. Mèt jaden an voye yon twazyèm domestik, yo touye si la a. Li voye anpil lòt ankò: gen sa yo bat, gen sa yo touye. Sèl moun mèt jaden an te rete pou l te voye, se pitit gason li te renmen anpil la. Li voye l an dènye bò kote yo. Li t'ap di nan kè l: Omwen y'a gen respè pou gason m lan. Men mesye yo antann yo yonn ak lòt epi yo di: Men eritye a. Annou fè yon jan ak li. Konsa jaden an va vin pou nou nèt. Yo mete men sou li vre. Yo touye li epi yo jete kadav la deyò jaden an. Bon! Ki aksyon nou kwè mèt jaden an ka fè? L'a vini, l'a fè touye mesye yo epi l'a bay lòt moun travay jaden an. Eske nou pa li pawòl ki ekri a? Mwen sèten nou li l deja: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Sa se travay Mèt la. Se bèl bagay pou nou wè sa. Chèf jwif yo t'ap chache mete men sou Jezi paske yo te konprann byen se pou yo li te bay parabòl sa a. Men yo te pè reyaksyon foul la ka fè sou yo. Se pou sa yo kite li al fè wout li.