Yo mennen ti bourik la bay Jezi. Yo pran rad sèvi panno mete sou do li, epi Jezi moute li. Anpil moun te louvri rad yo atè sou tout wout la. Lòt menm te rache fèy branch bwa, yo tann yo atè nan chemen an tou. Ni moun ki t'ap mache devan Jezi yo, ni moun ki t'ap mache dèyè l yo, yo tout t'ap rele byen fò: — Lwanj pou Bondye! Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la. Wi, benediksyon pou gouvènman k'ap vini an, pou gouvènman wa David, papa nou. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la!
Li Mak 11
Koute Mak 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 11:7-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo