Mak 10:35-52

Mak 10:35-52 HAT98

Apre sa, de pitit Zebede yo, Jak ak Jan, pwoche bò kote Jezi, yo di l konsa: — Mèt, nou ta renmen ou fè sa nou pral mande ou la a pou nou. Li di yo: — Kisa nou ta vle m fè pou nou? Yo di li: — Fè nou chita yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè w'a nan tout bèl pouvwa ou. Jezi reponn yo: — Nou pa konnen sa n'ap mande la a non. Eske nou ka bwè gode chatiman mwen pral bwè a? Eske nou ka resevwa menm batèm mwen pral resevwa a? Yo di li: — Nou kapab. Jezi reponn yo: — Se vre. N'a bwè nan menm gode mwen pral bwè a, epi n'a resevwa menm batèm mwen pral resevwa a. Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Bondye rezève yo pou moun li vle. Lè dis lòt disip yo tande sa, yo pat manke fache sou Jak ak Jan. Jezi rele yo, li di yo konsa: — Nou konnen ki jan moun ki pase pou chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav. Grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa. Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin pi enpòtan, se pou li fè li sèvitè nou tout. Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou li sèvitè nou tout. Paske mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun sèvi mwen, men mwen vini pou sèvi. Wi, mwen vin bay lavi mwen pou delivrans anpil moun. Yo te rive lavil Jeriko. Lè sa a, Jezi t'ap sòti kite bouk la ansanm avèk disip li yo ak yon gwo foul moun. Te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite. Yo te rele l Batime, pitit Time. Lè li tande se Jezi, moun Nazarèt la, ki t'ap pase, li pran rele: — Jezi, pitit David la, gen pitye pou mwen. Anpil moun t'ap kouri dèyè l pou te fè l pe bouch li, men li t'ap rele pi rèd: — Pitit David la, gen pitye pou mwen. Jezi kanpe, li di konsa: — Rele l pou mwen. Yo rele avèg la, yo di li: — Pran kouray, leve, men l ap rele ou. Avèg la voye rad li jete, se vole li t'ap vole pou l te vin bò kote Jezi. Jezi mande li: — Kisa ou vle m fè pou ou? Avèg la reponn li: — Mèt, fè m wè ankò. Jezi di li: — Ale non, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Menm lè a, avèg la wè, epi li swiv Jezi nan chemen an.