Mak 10:1-16

Mak 10:1-16 HAT98

Jezi kite kote l te ye a. Lale nan rejyon Jide ki lòt bò larivyè Jouden an. La ankò, foul moun yo te sanble bò kote l. Li t'ap moutre yo anpil bagay, jan l te toujou konn fè a. Kèk farizyen pwoche bò kote l pou yo wè si yo te kapab pran l nan pèlen. Yo mande li: — Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li? Li reponn yo: — Kisa Moyiz te ban nou lòd fè? Yo di l: — Moyiz te pèmèt pou yon nonm ekri madanm li yon papye divòs anvan pou l kite avèk li. Lè sa a, Jezi di yo: — Moyiz te ekri kòmandman sa a pou nou paske nou gen tèt di. Men, nan konmansman, lè Bondye t'ap kreye tout bagay, Bondye te fè gason ak fi. Se poutèt sa, gason ap kite papa li ak manman li pou li atache ak madanm li. Tou de va fè yon sèl kò. Konsa, yo p'ap de ankò, men yo fè yon sèl. Se poutèt sa pèsonn pa gendwa separe sa Bondye mete ansanm. Lè yo antre nan kay la, disip yo poze l kèsyon ankò sou bagay sa a. Li di yo konsa: — Si yon nonm kite ak madanm li pou l'al marye ak yon lòt, li fè adiltè sou madanm li. Menm jan an tou, si yon fanm kite ak mari l pou l'al marye ak yon lòt, fanm lan fè adiltè. Yo te mennen kèk timoun bay Jezi pou l te mete men sou tèt yo. Men disip yo t'ap di moun yo pa fè sa. Lè Jezi wè sa, li pat kontan menm. Li di disip yo: — Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa anpeche yo vini, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p'ap janm ka mete pye l nan Peyi kote Bondye Wa a. Apre sa, li pran timoun yo nan bra l, li mete men l sou tèt yo chak, li beni yo.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Mak 10:1-16