Jezi kite kote l te ye a. Lale nan rejyon Jide ki lòt bò larivyè Jouden an. La ankò, foul moun yo te sanble bò kote l. Li t'ap moutre yo anpil bagay, jan l te toujou konn fè a. Kèk farizyen pwoche bò kote l pou yo wè si yo te kapab pran l nan pèlen. Yo mande li: — Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li? Li reponn yo: — Kisa Moyiz te ban nou lòd fè? Yo di l: — Moyiz te pèmèt pou yon nonm ekri madanm li yon papye divòs anvan pou l kite avèk li. Lè sa a, Jezi di yo: — Moyiz te ekri kòmandman sa a pou nou paske nou gen tèt di. Men, nan konmansman, lè Bondye t'ap kreye tout bagay, Bondye te fè gason ak fi. Se poutèt sa, gason ap kite papa li ak manman li pou li atache ak madanm li. Tou de va fè yon sèl kò. Konsa, yo p'ap de ankò, men yo fè yon sèl. Se poutèt sa pèsonn pa gendwa separe sa Bondye mete ansanm. Lè yo antre nan kay la, disip yo poze l kèsyon ankò sou bagay sa a. Li di yo konsa: — Si yon nonm kite ak madanm li pou l'al marye ak yon lòt, li fè adiltè sou madanm li. Menm jan an tou, si yon fanm kite ak mari l pou l'al marye ak yon lòt, fanm lan fè adiltè.
Li Mak 10
Koute Mak 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 10:1-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo