Mak 1:21-45

Mak 1:21-45 HAT98

Apre sa, Jezi ale ak disip li yo nan yon lavil yo rele Kapènawòm. Jou repo a, Jezi antre nan sinagòg la. Li konmanse moutre moun yo anpil bagay. Yo te sezi tande sa l t'ap moutre yo. Se pat menm jan avèk dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize. Lè sa a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li vin antre nan sinagòg la, li pran rele: — Ey Jezi, moun Nazarèt, kisa nou gen avè ou? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen pwòp ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a. Jezi pale byen fò ak move lespri ki te sou nonm lan, li di li: — Pe la! Sòti sou nonm sa a. Move lespri a souke nonm lan byen souke, li bay yon gwo rèl, epi li sòti, l ale. Tout moun yo te sitèlman sezi, yonn t'ap mande lòt: — Sa sa ye la a menm! Sa se yon lòt bagay l'ap moutre nou la a. Menm move lespri yo, li pase yo lòd ak otorite, yo obeyi li. Se tout moun ki t'ap nonmen non l nan peyi Galile a. Apre sa, yo sòti kite sinagòg la, y'ale ansanm ak Jak ak Jan lakay Simon ak Andre. Bèlmè Simon te kouche anba lafyèb. Rive Jezi rive lakay la, li di li sa. Lè sa a, li pwoche bò madanm lan, li pran men l, li fè l leve. Latou, lafyèb la kite l, epi madanm lan resevwa yo. Aswè, apre solèy fin kouche, yo mennen tout moun malad yo ak tou sa ki gen movezespri sou yo bay Jezi. Tout moun lavil la te sanble devan pòt kay la. Lè sa a, Jezi te geri anpil moun ki te soufri divès maladi. Li te chase anpil move lespri. Men, li pat kite move lespri yo pale, paske yo te konnen ki moun li te ye. Nan granmaten, byen bonè, li pat ankò fè klè, Jezi leve, li sòti li kite lavil la, l'al yon kote ki pa gen moun. La li t'ap lapriyè. Simon ak lòt zanmi l yo sòti, yo t'ap chache Jezi. Lè yo jwenn li, yo di l konsa: — Tout moun ap chache ou wi. Men li reponn yo: — Annou ale nan lòt bouk alantou yo tou pou m'ka preche moun yo. Paske se pou sa mwen vini. Se konsa li te ale toupatou nan peyi Galile, li t'ap mache bay mesay la nan sinagòg yo, li t'ap chase move lespri yo. Yon nonm ki te gen lalèp vin jwenn Jezi. Li tonbe ajenou devan li, li mande l sekou. Li di l konsa: — Si ou vle, ou kapab geri mwen. Kè Jezi fè l mal, li lonje men l, li manyen nonm lan, li di li: — Wi, mwen vle ou geri. Menm lè a, lalèp la kite l, li geri, li te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Apre sa, Jezi voye l ale, li pase l lòd byen sevè. Li di l konsa: — Piga ou pale sa ak pèsonn. Men, al fè prèt la wè ki jan ou ye. Apre sa, w'a ofri sa Moyiz te bay lòd pou ofri a. Konsa w'a bay tout moun prèv ou geri. Men nonm lan pati, li pran mache fè konnen bagay la toupatou. Li sitèlman gaye nouvèl la, Jezi pa te ka antre nan okenn lòt vil san moun pa wè li. Li te pito rete apa poukont li kote ki pa gen moun. Men moun te soti toupatou vin jwenn li.