Mak 1:14-28

Mak 1:14-28 HAT98

Apre yo te fin mete Jan nan prizon, Jezi ale nan peyi Galile pou l te fè konnen Bòn Nouvèl Bondye voye a. Li t'ap di yo konsa: — Jou a rive. Kounyeya, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Tounen vin jwenn Bondye. Asepte Bòn Nouvèl la. Pandan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile, li wè de pechè. Se te Simon ak frè li Andre. Yo t'ap voye privye nan lanmè a. Jezi di yo konsa: — Vin jwenn mwen. M'a fè nou tounen pechè moun pito. Lamenm, yo kite privye yo, y'ale avèk li. Jezi vanse pi lwen, li wè de pitit gason Zebede yo, Jak ak Jan, frè li. Yo te chita nan kannòt yo a, yo t'ap repare privye yo. Lamenm, Jezi rele yo. Yo kite Zebede, papa yo, nan kannòt la ansanm ak ouvriye yo. Y'ale avèk Jezi. Apre sa, Jezi ale ak disip li yo nan yon lavil yo rele Kapènawòm. Jou repo a, Jezi antre nan sinagòg la. Li konmanse moutre moun yo anpil bagay. Yo te sezi tande sa l t'ap moutre yo. Se pat menm jan avèk dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize. Lè sa a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li vin antre nan sinagòg la, li pran rele: — Ey Jezi, moun Nazarèt, kisa nou gen avè ou? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen pwòp ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a. Jezi pale byen fò ak move lespri ki te sou nonm lan, li di li: — Pe la! Sòti sou nonm sa a. Move lespri a souke nonm lan byen souke, li bay yon gwo rèl, epi li sòti, l ale. Tout moun yo te sitèlman sezi, yonn t'ap mande lòt: — Sa sa ye la a menm! Sa se yon lòt bagay l'ap moutre nou la a. Menm move lespri yo, li pase yo lòd ak otorite, yo obeyi li. Se tout moun ki t'ap nonmen non l nan peyi Galile a.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an