Mak 1:1-22

Mak 1:1-22 HAT98

Men kòmansman bonnouvèl Jezikri, pitit Bondye a. Jan sa ekri nan pwofèt Ezayi a: Men li, m'ap voye mesaje m' lan devan ou. L'a pare wout la pou ou. Se vwa k'ap pale k'ap di nan dezè a: Se pou nou pare chemen Senyè a. Se pou nou trase tout ti wout yo byen plat. Se konsa Jan vin parèt vre. Li t'ap batize moun nan dezè a. Li t'ap preche yo batèm repantans pou prepare yo jwenn padon peche yo. Tout moun zòn Jide ak lavil Jerizalèm te vin jwenn li. Jan batize yo larivyè Jouden pandan yo t'ap konfese peche yo avivwa. Jan te abiye ak po chamo epi yon sentiwon kwi nan ren li. Se krikèt ak siwomyèl mawon li t'ap manje pou viv. Li t'ap mache bay mesay sa a: — Moun k'ap vin apre m lan gen plis pouvwa anpil pase m. Mwen pa bon ase pou m ta bese demare sapat ki nan pye li. Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men li menm, l'a batize nou nan Sentespri a. Menm epòk sa a, Jezi te soti Nazarèt, yon bouk nan Galile. Jan batize li larivyè Jouden an. Se konsa, soti Jezi soti nan dlo a, li wè syèl la louvri, epi Lespri desann sou li sou fòm yon pijon. Li tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki di: — Ou se pitit mwen renmen anpil la. Ou fè kè m kontan anpil. Touswit apre sa, Lespri pouse Jezi al nan dezè a. Li rete la pandan karant jou, epi se la satan vin ap teste li. Jezi t'ap viv nan mitan bèt bwa, epi zanj Bondye yo t'ap pran swen li. Apre yo te fin mete Jan nan prizon, Jezi ale nan peyi Galile pou l te fè konnen Bòn Nouvèl Bondye voye a. Li t'ap di yo konsa: — Jou a rive. Kounyeya, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Tounen vin jwenn Bondye. Asepte Bòn Nouvèl la. Pandan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile, li wè de pechè. Se te Simon ak frè li Andre. Yo t'ap voye privye nan lanmè a. Jezi di yo konsa: — Vin jwenn mwen. M'a fè nou tounen pechè moun pito. Lamenm, yo kite privye yo, y'ale avèk li. Jezi vanse pi lwen, li wè de pitit gason Zebede yo, Jak ak Jan, frè li. Yo te chita nan kannòt yo a, yo t'ap repare privye yo. Lamenm, Jezi rele yo. Yo kite Zebede, papa yo, nan kannòt la ansanm ak ouvriye yo. Y'ale avèk Jezi. Apre sa, Jezi ale ak disip li yo nan yon lavil yo rele Kapènawòm. Jou repo a, Jezi antre nan sinagòg la. Li konmanse moutre moun yo anpil bagay. Yo te sezi tande sa l t'ap moutre yo. Se pat menm jan avèk dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize.