Miche 6:1-8

Miche 6:1-8 HAT98

Koute sa Senyè a ap di: — Leve non! Vin plede kòz ou devan gwo mòn yo! Kite ti mòn yo tande sa ou gen pou di a! Nou menm, mòn yo, nou menm ki fondasyon tè a pou tout tan, tande plent Senyè a ap vin pote pou pèp li a! Wi, li pral pote plent pou pèp Izrayèl la! Li gen yon kòz pou l plede ak li! Senyè a di: Ooo! Pèp mwen! Kisa mwen fè nou kifè nou bouke avè m konsa? Reponn mwen non! Mwen fè nou sòti kite peyi Lejip la. Mwen wete nou nan esklavaj nou te ye nan peyi sa a! Mwen voye Moyiz, Arawon ak Miryam pou kondi nou ale. Ooo! Pèp mwen! Chonje sa Balak, wa peyi Mowab la, te fè lide fè nou, ak ki jan Balaram, pitit Bèyò a, te reponn li! Chonje sa ki te rive nou nan vwayaj nou an, lè nou te fin kite Sitim, anvan nou te rive Gilgal! Chonje tout bagay sa yo pou nou ka konprann sa m te fè pou delivre nou! Lè sa a, pèp la di: Kisa m'a pote ofri bay Senyè a, Bondye ki nan syèl la, lè m'a vin adore l? Eske m'a pote pou li jenn ti towo bèf ki fenk gen ennan pou yo ka boule pou li? Eske Senyè a ap kontan si m pote ba li mil belye mouton ak di mil barik lwil? Eske m'a ofri premye pitit gason m lan pou m peye pou sa m fè ki mal? Eske mwen ka pran sa ki sòti nan zantray mwen pou m bay pou kouvri peche mwen? Y'a reponn li: Non monchè. Senyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w'ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.