Antan Jezi t'ap antre Kapènawòm, yon kaptenn lame women vin kontre li. Li vin mande li yon sèvis. Li di li konsa: — Mèt, domestik mwen an kouche lakay, li paralize nèt, l'ap soufri anpil. Jezi di l konsa: — Mwen pral geri l pou ou. Men kaptenn lan reponn li: — Mèt, mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Men, annik bay yon lòd ase, domestik mwen an va geri. Mwen menm k'ap pale la a, mwen gen sòlda souzòd mwen tou. Lè mwen di yonn ale, l'ale. Lè mwen di yon lòt vini, li vini. Lè mwen di domestik mwen fè sa, li fè li. Lè Jezi tande pawòl sa yo, li sezi. Li di moun ki t'ap mache dèyè li yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mwen poko janm jwenn yon moun nan pèp Izrayèl la ki gen konfyans nan Bondye tankou nonm sa a. Mwen p'ap kache di nou sa: anpil moun va sòti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a vin chita sou tab ansanm ak Abraram, ak Izarak, ak Jakòb nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Li Matye 8
Koute Matye 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 8:5-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo