Matye 8:18-34

Matye 8:18-34 HAT98

Jezi wè li te nan mitan yon gwo foul moun. Li bay lòd pou yo janbe lòt bò lanmè a. Men, yon dirèktè lalwa pwoche bò kote l, li di l konsa: — Mèt, m'ap swiv ou tout kote ou prale. Jezi reponn li: — Chat mawon gen twou yo. Zwazo k'ap vole nan syèl la gen nich yo. Men, Moun Bondye voye nan lachè a pa gen kote pou l poze tèt li. Yon lòt nan disip yo di li: — Mèt, pèmèt mwen al antere papa m anvan. Men Jezi di li: — Swiv mwen. Kite moun mouri antere moun mouri yo. Jezi moute nan kannòt la, disip li yo pati avèk li. Antan yo sou lanmè a, yo rete konsa yon gwo van vin leve. Lanm lanmè yo t'ap kouvri kannòt la. Jezi menm t'ap dòmi lè sa a. Disip yo pwoche bò kote li. Yo souke l, yo fè l leve. Yo di l konsa: — Mèt, sove nou non. Se mouri n'ap mouri. Jezi di yo: — Poukisa nou pè konsa? Ala moun manke konfyans! Apre sa, Jezi leve kanpe, li pale byen fò ak van an ansanm ak dlo a. Lamenm yon gwo kalmi fèt. Mesye yo te sezi anpil. Yo di konsa: — Ki kalite moun sa a menm, pou jouk van ak dlo lanmè obeyi li? Lè Jezi rive lòt bò lanmè a, nan peyi Gadarenyen yo, de moun sòti nan mitan tonm mò yo, yo vin devan li. Mesye sa yo te gen move lespri sou yo. Yo te sitèlman move pèsonn pat kapab pase nan chemen sa a. Yo tou de pran rele ansanm: — Ey, Pitit Bondye a. Kisa nou gen avè ou? Eske ou vin isit la pou fè n soufri anvan lè nou? Toupre kote yo te ye a, te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje. Move lespri yo mande Jezi: — Tanpri, si ou vle chase nou, voye nou sou bann kochon sa yo. Jezi di yo: — Ale non. Move lespri yo sòti sou de mesye yo, yo antre nan kochon yo. Menm lè a, tout bann kochon yo pran degrengole desann falèz la, y'al neye tèt yo nan lanmè. Moun ki t'ap gade kochon yo pran kouri. Y'ale lavil la, yo rakonte tou sa ki te pase ansanm ak sa ki te rive de mesye yo ki te gen move lespri sou yo. Lè sa a, tout moun lavil la sòti vin jwenn Jezi. Lè yo wè l, yo mande li: — Tanpri souple, ale fè wout ou.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an