Apre sa, Jezi desann sòti sou ti mòn lan, yon gwo foul moun t'ap mache dèyè li. Lè sa a, yon nonm ki te gen lalèp pwoche bò kote l, li tonbe ajenou devan Jezi, li di l konsa: — Mèt, si ou vle, ou kapab geri mwen. Jezi lonje men l, li manyen nonm lan, li di l: — Wi, mwen vle. Se pou ou geri. Menm lè a, lalèp la kite li. Apre sa, Jezi di l: — Piga ou di pèsonn sa. Men, ale fè prèt yo wè ki jan ou ye. Apre sa, w'a ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa, w'a bay tout moun prèv ou geri.
Li Matye 8
Koute Matye 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 8:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo