Lè sa a, Jan Batis parèt nan dezè Jide a. Li t'ap mache bay mesay sa a. Li t'ap di: — Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men l. Se sou Jan pwofèt Ezayi t'ap pale lè l te di: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Senyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li. Jan te abiye ak rad plim chamo. Li te mare ren li ak yon sentiwon kwi. Li te manje krikèt ak gato myèl li te jwenn nan bwa. Moun sòti lavil Jerizalèm, nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinay larivyè Jouden an, yo tout te vin jwenn Jan. Yo te konfese peche yo devan tout moun. Apre sa, Jan te batize yo nan larivyè Jouden an.
Li Matye 3
Koute Matye 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 3:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo