Jezi di yo: — Nou pa bezwen pè. Ale di frè m yo pou y'al nan Galile. Se la y'a wè mwen. Antan medam yo te nan wout toujou, nan gad ki t'ap veye kavo a te genyen ki te gentan tounen lavil la, yo rakonte chèf prèt yo tou sa ki te rive. Lè sa a, chèf prèt yo reyini ak chèf fanmi yo, yo fè plan yo ansanm. Yo bay sòlda yo yon gwo lajan. Epi yo di yo: — Se pou nou di se disip li yo ki te vin vòlò kò a pote ale lannwit antan nou t'ap dòmi. Si pawòl la tonbe nan zòrèy gouvènè a, n'a konnen ki jan pou n pale avè l pou nou menm, gad yo, nou pa nan traka. Sòlda yo pran lajan an, yo fè jan yo te di yo fè l la. Se konsa, popagann sa a gaye pami jwif yo jouk jounen jòdi a. Onz disip yo ale sou ti mòn nan peyi Galile a, kote Jezi te di yo ale a. Lè yo wè l, yo adore li. Men, te gen nan yo ki pat fin kwè nèt. Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: — Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a. Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.
Li Matye 28
Koute Matye 28
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 28:10-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo