Lè solèy fin kouche, yon nonm rich, moun lavil Arimate, vin rive. Yo te rele l Jozèf. Li menm tou li te yon disip Jezi. L'al jwenn Pilat, li mande l kò Jezi a. Pilat bay lòd pou yo renmèt li kò a. Jozèf pran kò a, li vlope l nan yon bèl dra blan tou nèf. Apre sa, li mete kò a nan yon kavo li te fenk fè fouye nan wòch la pou tèt pa l. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. Epi l'al fè wout li. Mari, moun lavil Magdala a, ansanm ak lòt Mari a te chita la, anfas kavo a.
Li Matye 27
Koute Matye 27
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 27:57-61
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo