Matye 27:32-54

Matye 27:32-54 HAT98

Lè yo sòti, yo kontre yon nonm peyi Sirèn ki te rele Simon. Yo fòse mesye pote kwa Jezi a. Lè yo rive kote ki rele Gòlgota a (ki vle di: Plas zo bwa tèt la), yo bay Jezi bwè diven mele ak fyèl. Men, lè l goute l, li pat vle bwè li. Apre yo fin kloure li sou kwa a, yo fè tirajosò separe rad li ki te sou li. Apre sa, yo chita ap veye li. Yo mete yon ti pankat anlè tèt li pou fè konnen kòz ki fè yo te kondannen l la. Yo te kloure de ansasen sou de lòt kwa anmenmtan avè l, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. Moun ki t'ap pase bò la a t'ap plede joure li. Yo t'ap fè siy sou li. Yo t'ap di: — Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou te rebati l nan twa jou, sove tèt ou non! Si ou se pitit Bondye a, desann sou kwa a! Konsa tou, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo t'ap pase l nan rizib. Yo t'ap di: — Gade! Li sove lòt moun, li pa kapab sove tèt pa li. Si l se wa pèp Izrayèl la, se pou l desann sou kwa a kounyeya. Lè sa a, n'a kwè nan li. Li te mete konfyans li nan Bondye, li te di se pitit Bondye li ye. Ann wè koulyeya si Bondye ap vin delivre li. Ata ansasen ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l menm jan an tou. Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè apre midi. Vè twazè, Jezi rele byen fò, li di: — Eli, Eli lema sabaktani? (Ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m konsa?) Nan moun ki te la yo, genyen ki tande l'ap pale. Yo di: — Men l'ap rele Eli. Lamenm, yonn nan yo kouri al pran yon eponj, li tranpe l nan vinèg, li mete l nan pwent yon gòl wozo, li lonje l bò bouch Jezi ba l bwè. Men, lòt moun yo di: — Tann non, monchè. Ann wè si Eli ap vin delivre li. Jezi bay yon gwo rèl ankò, epi li mouri. Menm lè a, rido tanp lan chire fè de moso, depi anwo jouk anba. Latè tranble. Wòch fann. Tonm yo louvri. Anpil fidèl Bondye ki te mouri, yo resisite. Yo soti vivan nan tonm yo. Apre Jezi li menm te leve sòti vivan nan lanmò, yo antre lavil Jerizalèm kote anpil moun te wè yo. Lè ofisye lame a ansanm ak gad ki t'ap veye Jezi ansanm avè l yo wè tranblemanntè a ak tou sa ki te pase, yon sèl lapè pran yo. Yo di: — Se vre wi, nonm sa a te Pitit Bondye.