Jida menm, sila ki te trayi Jezi a, lè li wè yo te kondannen Jezi, remò pran li. Li pote trant pyès lajan an tounen renmèt chèf prèt yo ak chèf fanmi yo. Li di konsa: — Sa m fè a mal. Se yon inonsan mwen lage nan men nou. Yo reponn li: — Ki mele nou sa? Sa se zafè pa ou. Jida jete pyès lajan yo nan tanp lan, li sòti, l'ale pann tèt li. Chèf prèt yo ranmase lajan an, yo di konsa: — Sa se lajan san. Lalwa nou pa pèmèt nou mete lajan konsa nan kès tanp lan. Apre sa, yo tonbe dakò pou yo achte yon jaden nan men yon nonm ki te konn fè krich. Yo pran tè a sèvi simityè pou etranje ki mouri nan peyi a. Se poutèt sa, jouk jounen jòdi a, yo rele jaden sa a: Jaden san. Se konsa pawòl pwofèt Jeremi te di a rive vre: Yo pran trant pyès lajan yo. Se pri sa a moun ras Izrayèl yo te dakò peye pou li. Ak lajan an, yo achte jaden nonm ki konn fè krich la, dapre lòd Bondye te ban mwen an.
Li Matye 27
Koute Matye 27
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 27:3-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo