Matye 27:27-44

Matye 27:27-44 HAT98

Sòlda Pilat yo mennen Jezi nan kay gouvènè a. Yo sanble tout batayon sòlda yo fè wonn li. Yo dezabiye l, yo mete yon gwo rad koulè wouj vyolèt sou li. Yo trese yon kouwòn pikan mete nan tèt li, yo ba l yon ti bwa wozo kenbe nan men dwat li. Apre sa, yo mete ajenou devan l, yo pran pase l nan betiz. Yo di li: — Bonjou, wa jwif yo! Yo krache sou li, yo pran wozo a, yo ba l kou nan tèt. Apre yo fin pase l anba kont betiz yo, yo wete gwo rad la, yo mete rad pa l sou li ankò. Epi yo mennen l ale pou yo kloure l sou yon kwa. Lè yo sòti, yo kontre yon nonm peyi Sirèn ki te rele Simon. Yo fòse mesye pote kwa Jezi a. Lè yo rive kote ki rele Gòlgota a (ki vle di: Plas zo bwa tèt la), yo bay Jezi bwè diven mele ak fyèl. Men, lè l goute l, li pat vle bwè li. Apre yo fin kloure li sou kwa a, yo fè tirajosò separe rad li ki te sou li. Apre sa, yo chita ap veye li. Yo mete yon ti pankat anlè tèt li pou fè konnen kòz ki fè yo te kondannen l la. Yo te kloure de ansasen sou de lòt kwa anmenmtan avè l, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. Moun ki t'ap pase bò la a t'ap plede joure li. Yo t'ap fè siy sou li. Yo t'ap di: — Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou te rebati l nan twa jou, sove tèt ou non! Si ou se pitit Bondye a, desann sou kwa a! Konsa tou, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo t'ap pase l nan rizib. Yo t'ap di: — Gade! Li sove lòt moun, li pa kapab sove tèt pa li. Si l se wa pèp Izrayèl la, se pou l desann sou kwa a kounyeya. Lè sa a, n'a kwè nan li. Li te mete konfyans li nan Bondye, li te di se pitit Bondye li ye. Ann wè koulyeya si Bondye ap vin delivre li. Ata ansasen ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l menm jan an tou.