Lè Pilat wè li pat kapab fè anyen ankò, paske pèp la te sòti pou l te fè plis dezòd toujou, li pran dlo, li lave men l devan tout foul moun yo. Li di yo: — Mwen menm, mwen pa reskonsab lanmò nonm sa a. Sa, se sou kont nou li ye. Tout pèp la reponn: — Se pou reskonsabilite lanmò l tonbe sou nou ak sou tout pitit nou yo. Apre sa, Pilat lage Barabas ba yo. Li fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt yo li pou y'al kloure l sou yon kwa.
Li Matye 27
Koute Matye 27
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 27:24-26
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo