Antan Pilat te chita sou fòtèy jij li nan tribinal la, madanm li voye di li: — Nonm sa a inonsan tande. Pa mele nan zafè sa a. Paske yèswa, mwen soufri anpil poutèt li nan dòmi. Chèf prèt yo ak chèf fanmi yo pran tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l lage Barabas ba yo, pou l fè touye Jezi. Gouvènè a pran lapawòl, li di yo: — Kilès nan de a nou vle m lage ban nou? Yo reponn: — Barabas. Pilat mande yo: — Bon. Kisa pou m fè ak Jezi yo rele Kris la? Yo tout reponn: — Kloure l sou yon kwa!
Li Matye 27
Koute Matye 27
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 27:19-22
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo