Matye 27:11-26

Matye 27:11-26 HAT98

Jezi parèt devan gouvènè a. Gouvènè a kèsyonnen l, li mande li: — Ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: — Se ou ki di li. Chèf prèt yo ak chèf fanmi yo t'ap depoze anpil plent kont Jezi. Jezi menm pat reponn anyen. Pilat di li: — Ou pa tande tout plent yo depoze sou do ou? Men Jezi pa ba l repons sou anyen. Sa te fè Pilat sezi anpil. Pou chak fèt Delivrans gouvènè a te konn lage yon prizonye. Se pèp la ki te konn chwazi kilès. Lè sa a, te gen yon prizonye yo te rele Jezi Barabas. Tout moun te konnen ki moun li ye. Lè Pilat wè pèp la sanble deyò a, li di yo: — Kilès nou vle m lage ban nou: Jezi Barabas osinon Jezi yo rele Kris la? Pilat te byen konnen se jalouzi ki te fè yo mennen Jezi ba li. Antan Pilat te chita sou fòtèy jij li nan tribinal la, madanm li voye di li: — Nonm sa a inonsan tande. Pa mele nan zafè sa a. Paske yèswa, mwen soufri anpil poutèt li nan dòmi. Chèf prèt yo ak chèf fanmi yo pran tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l lage Barabas ba yo, pou l fè touye Jezi. Gouvènè a pran lapawòl, li di yo: — Kilès nan de a nou vle m lage ban nou? Yo reponn: — Barabas. Pilat mande yo: — Bon. Kisa pou m fè ak Jezi yo rele Kris la? Yo tout reponn: — Kloure l sou yon kwa! Pilat di yo: — Ki movezak li fè konsa? Yo rele pi fò toujou: — Kloure l sou yon kwa! Lè Pilat wè li pat kapab fè anyen ankò, paske pèp la te sòti pou l te fè plis dezòd toujou, li pran dlo, li lave men l devan tout foul moun yo. Li di yo: — Mwen menm, mwen pa reskonsab lanmò nonm sa a. Sa, se sou kont nou li ye. Tout pèp la reponn: — Se pou reskonsabilite lanmò l tonbe sou nou ak sou tout pitit nou yo. Apre sa, Pilat lage Barabas ba yo. Li fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt yo li pou y'al kloure l sou yon kwa.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an