Antan Jezi te Betani lakay Simon, nonm ki te gen maladi lalèp la, yon fanm pwoche kote li. Li te vin ak yon boutèy pòslèn plen bon losyon koute chè. Pandan Jezi chita bò tab la, fanm lan vide tout losyon an sou tèt li. Lè disip yo wè sa, yo pat kontan menm. Yo di: — Poukisa tout gaspiyay sa a? Yo ta kapab vann odè a byen chè, yo ta bay pòv lajan an. Jezi vin konnen sa yo t'ap di, li di yo konsa: — Poukisa n'ap fè fanm lan tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a wi pou mwen. Paske, pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m pou tout tan. Lè li vide odè sa a sou kò mwen, li tou benyen m pou lantèman mwen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latè, kote y'a anonse bòn nouvèl sa a, y'a rakonte sa fanm sa a te fè tou pou yo pa janm bliye li.
Li Matye 26
Koute Matye 26
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 26:6-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo