Matye 26:47-66

Matye 26:47-66 HAT98

Jezi t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen avèk li yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo. Se chèf prèt yo ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la ki te voye yo avèk li. Nonm ki t'ap trayi Jezi a te ba yo yon siyal. Li te di yo: Moun n'a wè mwen bo a, se li menm n'ap chache a. Mete men sou li. Rive Jida rive, li pwoche bò kote Jezi, li di li: — Bonswa, Mèt. Epi l bo Jezi. Jezi di li: — Zanmi, sa ou te vin pou fè a, fè li. Lè sa a, lòt moun yo pwoche, yo mete men sou Jezi, yo arete li. Yonn nan mesye ki te avèk Jezi yo rale nepe l, li frape domestik granprèt la, li koupe yon zòrèy li. Jezi di l konsa: — Mete nepe ou nan fouwo l, paske tout moun ki sèvi ak nepe, se nepe k'ap touye yo tou. Ou pa konnen mwen ta ka rele Papa m vin ede mwen. Menm lè a, li ta voye depase douz lame zanj ban mwen. Men lè sa a, ki jan sa ki ekri nan Liv la ta ka rive vre? Paske Liv la di: Se konsa pou sa pase. Apre sa, Jezi di foul moun yo: — Nou vin dèyè m ak nepe ak baton tankou si m te yon ansasen. Toulejou mwen te chita la nan tanp lan, ap moutre moun yo anpil bagay, nou pat janm arete mwen. Men, tou sa rive pou sa ki ekri nan liv pwofèt yo ka rive vre. Lè sa a, tout disip yo kite l, yo pran kouri. Moun ki te arete Jezi yo mennen l kay Kayif, granprèt la. Se la tout dirèktè lalwa yo ansanm ak chèf fanmi yo te reyini. Pyè t'ap swiv Jezi yon ti jan lwen lwen, jouk yo rive nan lakou kay granprèt la. Li antre nan lakou a tou, li chita ak gad yo pou l wè kouman sa ta pral fini. Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi, pou yo te ka kondannen l amò. Men, yo pat kapab jwenn anyen malgre anpil moun te vin fè anpil manti sou li. Bout pou bout, de moun parèt. Yo di: — Nonm sa a di: Mwen kapab kraze tanp Bondye a, epi nan twa jou m'a rebati l ban nou. Granprèt la leve, li di Jezi: — Ou pa reponn anyen? Kisa mesye yo ap di sou ou konsa? Jezi pa louvri bouch li. Granprèt la di l ankò: — Nan non Bondye vivan an, m'ap mande ou pou di nou verite a: Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye a? Jezi reponn li: — Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m ap vini sou nyaj yo nan syèl la. Lè sa a, granprèt la chire rad ki te sou li a, li di: — L'ap pale mal sou Bondye. Sa nou bezwen lòt temwen fè: Nou fenk tande ak zòrèy nou jan l pale mal sou Bondye. Kisa nou di nan sa? Yo reponn: — Li antò, se pou yo touye li.