Lè solèy fin kouche, Jezi chita bò tab la ak douz disip li yo. Antan yo t'ap manje, Jezi di yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen. Sa te fè disip yo lapenn anpil. Yonn apre lòt yo pran mande li: — Eske se mwen menm, Mèt? Li reponn yo: — Moun ki tranpe pen l ansanm avè m nan plat la, se li menm ki pral trayi mwen. Moun Bondye voye nan lachè a prale, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pat janm fèt. Jida ki ta pral trayi l la pran lapawòl, li di: — Mèt, eske se mwen menm? Jezi reponn li: — Se ou ki di li.
Li Matye 26
Koute Matye 26
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 26:20-25
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo