Matye 25:1-30

Matye 25:1-30 HAT98

— Se konsa, nan peyi wa ki nan syèl la, se va tankou istwa dis fidonè ki pran lanp yo soti al kontre lemarye. Senk nan yo te tèt chaje, senk lòt yo te gen bon konprann. Tèt chaje yo te pran lanp yo ase. Yo pa te pote gaz derezèv. Men sa ki te gen bon konprann yo te pote yon boutèy plen gaz ansanm ak lanp yo. Pandan yo t'ap tann mesye marye a ki te an reta, yo tout pran kabicha, dòmi vòlò yo. — Nan mitan lannwit lan, yon sèl rèl pati: Men lemarye! Ann al kontre li! Dis fidonè yo leve, yo pran pare lanp yo. Tèt chaje yo mande sa k gen bon konprann yo: Tanpri, ban nou ti gout nan gaz nou pote a, paske lanp pa nou yo ap mouri. Men, senk ki te gen bon konprann yo reponn: Non, nou pa kapab, paske pa gen ase pou nou tout. Pito n'al achte nan men machann yo. Antan tèt chaje yo al achte gaz, lemarye vin rive. Senk fidonè ki te pare yo antre ansanm ak li nan kay nòs la epi yo fèmen pòt dèyè yo. — Pita, lòt fidonè yo vin rive. Yo pran rele: Mèt! Mèt! Louvri pou nou non! Men mesye marye a reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: m pa konnen nou. Apre sa, Jezi di yo: — Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske, nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive. — Vwala, se va tankou yon nonm ki ta pral pati pou yon vwayaj. Li rele domestik li yo, li mete yo reskonsab byen li yo. Li bay yonn senkmil (5.000) goud, li bay yon lòt demil (2.000) goud, li bay yon twazyèm mil (1.000) goud. Konsa, li bay yo chak dapre sa l konnen yo ka fè. Lèfini, li pati. Lamenm, domestik ki te resevwa senkmil (5.000) goud la al fè lajan an travay. Li rapòte l senkmil (5.000) goud benefis. Konsa tou, domestik ki te resevwa demil (2.000) goud la fè demil (2.000) goud benefis. Sa ki te resevwa mil (1.000) goud la menm ale, li fouye yon twou nan tè, li sere lajan mèt la. — Lontan apre sa, mèt domestik yo tounen, li pran fè regleman ak yo. Domestik ki te resevwa senkmil goud la pwoche, li pote senkmil goud benefis la ba li, li di: Mèt, ou te ban mwen senkmil goud. Men senkmil goud benefis mwen fè. Mèt la di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. Vin fè fèt avèk mèt ou. — Domestik ki te resevwa demil goud la pwoche apre sa, li di: Mèt, ou te ban mwen demil goud, men demil goud benefis mwen fè. Mèt la di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou te fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè ankò. Vin fè fèt avèk mèt ou. — Apre sa, domestik ki te resevwa sèlman mil goud la pwoche, li di: Mèt, mwen konnen ou se yon nonm ki di. Ou rekòlte kote ou pat simen, ou ranmase kote ou pat plante. Mwen te pè, se sa k fè mwen te al sere mil goud ou a anba tè. Men, pran lajan ou. — Mèt la reponn li: Gade jan ou se yon move domestik, ou parese konsa! Ou te konnen mwen rekòlte kote mwen pat simen, mwen ranmase kote mwen pat plante. Enben, se pou ou te mete lajan m labank. Lè m ta tounen, mwen ta wete manman lajan an ak yon enterè sou li. Wete mil goud la nan men l, pran l bay sa ki gen dimil (10.000) goud la. Paske, moun ki gen deja, y'a ba li ankò. Konsa, l'a gen plis toujou. Men moun ki pa genyen anyen an, y'a wete menm ti sa li ta genyen an. Kanta domestik ki pa vo anyen an, jete l deyò nan fènwa a. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an