Lè sa a, li di domestik li yo: Manje nòs la pare, men moun ki te envite yo pat merite sa. Ale sou granchemen, envite tout moun nou jwenn pou yo vini nan nòs la. Domestik yo ale nan tout granchemen, yo sanble tout moun yo jwenn, ni move ni bon. Konsa, kote yo t'ap fè nòs la te plen moun. — Wa a vin antre pou wè envite yo. Je l al tonbe sou yon nonm ki pat abiye ak rad nòs la. Wa a di li: Zanmi, kouman ou fè antre isit la san ou pa mete rad nòs la sou ou? Nonm lan pa di yon mo. Wa a di domestik li yo: Mare de pye l ak de men l, voye l jete deyò nan fènwa a. Se la l'a gen pou l kriye, pou l manje dan li. Paske, yo envite anpil moun, men se de twa ase y'a chwazi.
Li Matye 22
Koute Matye 22
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 22:8-14
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo