Matye 22:1-22

Matye 22:1-22 HAT98

Antan Jezi t'ap pale ak moun yo, li pran rakonte yo yon lòt parabòl: — Nan Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon wa ki t'ap fete nòs pitit gason li. Li voye domestik li yo rele moun ki te envite nan nòs la. Men, yo yonn pat vle vini. Lè sa a, wa a voye lòt sèvitè, li di yo: Ale di envite yo manje a pare. Mwen gentan fè touye towo bèf mwen yo ak lòt bèt gra mwen yo. Tout bagay pare. Vin nan resepsyon an. Men, envite yo pa fè ka sa l voye di yo a, y'al okipe zafè yo. Yonn ladan yo ale nan jaden l, yon lòt ale nan trafik li. Gen ladan yo ki pran domestik yo, yo maltrete yo, yo touye yo. Wa a fè yon gwo kòlè, li voye sòlda l yo touye ansasen yo. Apre sa, li fè mete dife nan lavil yo a. Lè sa a, li di domestik li yo: Manje nòs la pare, men moun ki te envite yo pat merite sa. Ale sou granchemen, envite tout moun nou jwenn pou yo vini nan nòs la. Domestik yo ale nan tout granchemen, yo sanble tout moun yo jwenn, ni move ni bon. Konsa, kote yo t'ap fè nòs la te plen moun. — Wa a vin antre pou wè envite yo. Je l al tonbe sou yon nonm ki pat abiye ak rad nòs la. Wa a di li: Zanmi, kouman ou fè antre isit la san ou pa mete rad nòs la sou ou? Nonm lan pa di yon mo. Wa a di domestik li yo: Mare de pye l ak de men l, voye l jete deyò nan fènwa a. Se la l'a gen pou l kriye, pou l manje dan li. Paske, yo envite anpil moun, men se de twa ase y'a chwazi. Lè sa a, farizyen yo ale, yo mete tèt yo ansanm pou wè ki jan yo ta ka pran pawòl nan bouch Jezi pou akize li. Yo voye disip pa yo ansanm ak patizan Ewòd yo bò kote Jezi pou mande li: — Mèt, nou konnen ou se moun ki kare. W'ap moutre chemen Bondye a jan l ye a, ou pa pè pèsonn. Paske, ou pa gade sou figi moun. Enben, kisa ou di nan sa: Eske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non? Men, Jezi te konnen move lide yo te gen dèyè tèt yo, li reponn: — Poukisa n'ap chache pran m nan pèlen konsa, bann ipokrit? Moutre m pyès lajan nou sèvi pou peye taks la. Yo moutre l yon pyès lajan. Jezi mande yo: — Pòtre ki moun avèk non ki moun ki sou li? Yo reponn li: — Pòtre Seza ak non Seza ki sou li. Lè sa a, Jezi di yo: — Enben, bay Seza sa ki pou Seza. Epi bay Bondye sa ki pou Bondye. Lè yo tande sa, yo pat manke sezi. Yo kite l, y'al fè wout yo.