Matye 21:33-44

Matye 21:33-44 HAT98

— Koute yon parabòl. Vwala se te yon nonm ki te gen anpil tè. Li fè yon jaden rezen. Lè li fini, li leve kloti antoure jaden an. Li fouye yon basen pou kraze rezen. Li bati yon joupa bay moun k'ap siveye jaden an. Apre sa, li antann li ak kèk moun ba yo travay jaden an dimwatye. Lèfini li pati al nan vwayaj. Lè sezon rekòt rezen an rive, li voye domestik li yo chache rezen pa l bò kote jeran yo. Jeran yo mete men sou domestik yo, yo bat yonn byen bat, yo touye yon lòt, yo touye yon twazyèm ak kout wòch. Mèt jaden an voye lòt domestik ankò, pi plis pase premye fwa a. Jeran yo maltrete yo menm jan an. Apre sa, li voye pwòp pitit gason l bò kote yo andènye. Li t'ap di nan kè l: Omwen y'a gen respè pou pitit mwen an. Men, lè jeran yo wè pitit la, yonn di lòt: Men eritye a. Vini non, ann touye li. Konsa, jaden an va vin pou nou. Yo mete men sou li, yo jete l lòt bò jaden an, yo touye li. — Bon, lè mèt jaden rezen an vini, kisa li va fè jeran sa yo? Yo reponn li: — Li p'ap gen pitye pou yo. L'a fè touye malveyan sa yo, l'a pran jaden rezen an bay lòt jeran ki va ba l pòsyon pa l nan rekòt la lè sezon an va rive. Apre sa, Jezi di yo: — Eske nou pa janm li pawòl sa yo nan Liv la? Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Sa se travay Mèt la. Se bèl bagay pou nou wè sa. — Se poutèt sa mwen di nou: Y'a wete Peyi kote Bondye Wa a nan men nou, y'a pran l bay moun yon lòt nasyon ki va bay rannman pou Peyi Wa a. [ — Moun ki bite sou wòch sa a gen pou kase ren li. Men, si se wòch la menm ki tonbe sou li, li gen pou l kraze l an miyèt moso.]

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an