Jezi antre nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo avèk chèf fanmi ki t'ap dirije pèp jwif la vin di li: — Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite sa a? Jezi reponn yo: — M'ap poze nou yon kèsyon mwen menm tou. Si nou reponn mwen, m'a di nou ki dwa mwen genyen pou m fè bagay sa yo. Ki moun ki te voye Jan batize moun? Bondye osinon moun? Men, yonn t'ap di lòt konsa: — Si nou reponn: Se Bondye ki te voye l, l'a mande nou poukisa nou pat kwè l. Si nou reponn se lèzòm ki voye li, afè nou p'ap bon ak foul la, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon pwofèt tout bon. Apre sa, yo reponn Jezi: — Nou pa konnen. Jezi di yo: — Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou ki dwa mwen genyen pou m fè bagay sa yo.
Li Matye 21
Koute Matye 21
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 21:23-27
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo