Matye 21:12-22

Matye 21:12-22 HAT98

Jezi antre nan tanp Bondye a, li chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. Apre sa, li di yo. — Men sa ki ekri: Y'a rele kay mwen an kay kote pou moun vin lapriyè nan pye m. Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè. Kèk avèg ak kèk enfim nan pye pwoche bò kote Jezi nan tanp lan. Li geri yo. Men, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te fache anpil lè yo wè bèl bagay li t'ap fè, lè yo tande timoun yo ki t'ap rele nan tanp lan: Lwanj pou Pitit David la! Yo di Jezi konsa: — Eske ou pa tande sa y'ap di? Jezi reponn yo: — M tande wi. Eske nou pa janm li pawòl sa a nan Liv la: Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete fè gwo lwanj pou ou? Apre sa, li kite yo, li sòti lavil la, l'ale Betani. Se la li pase nwit lan. Nan denmen maten, antan yo t'ap tounen lavil Jerizalèm, Jezi te grangou. Li wè yon pye fig frans bò wout la, li pwoche bò kote l. Men se fèy ase li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig frans lan: — Ou p'ap janm donnen ankò. Menm lè a, pye fig frans lan cheche. Lè disip yo wè sa, yo pat manke sezi, yo di li: — Kouman pye fig frans lan fè vin chèch nan yon ti moman? Jezi reponn yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou te gen konfyans nan Bondye, si nou pat gen doutans nan kè nou, se pa sèlman sa k rive pye fig frans lan nou ta fè. Men, nou ta ka di mòn sa a: Wete kò ou la. Ale jete tèt ou nan lanmè. Sa ta fèt vre. Si nou gen konfyans nan Bondye, n'a resevwa tou sa n'a mande l lè n'ap lapriyè.