Jezi antre nan tanp Bondye a, li chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. Apre sa, li di yo. — Men sa ki ekri: Y'a rele kay mwen an kay kote pou moun vin lapriyè nan pye m. Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè. Kèk avèg ak kèk enfim nan pye pwoche bò kote Jezi nan tanp lan. Li geri yo. Men, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te fache anpil lè yo wè bèl bagay li t'ap fè, lè yo tande timoun yo ki t'ap rele nan tanp lan: Lwanj pou Pitit David la! Yo di Jezi konsa: — Eske ou pa tande sa y'ap di? Jezi reponn yo: — M tande wi. Eske nou pa janm li pawòl sa a nan Liv la: Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete fè gwo lwanj pou ou?
Li Matye 21
Koute Matye 21
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 21:12-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo