Matye 2:1-12

Matye 2:1-12 HAT98

Jezi te fèt Betlyèm nan Jide sou wa Ewòd. Apre li fèt, kèk espesyalis nan etid zetwal te soti peyi solèy leve, yo rive Jerizalèm. Yo t'ap mande: — Kote wa jwif yo ki fèk fèt la. Nou wè zetwal li depi peyi nou. Nou vin pou adore li. Lè wa Ewòd pran nouvèl la, sa te boulvèse tèt li. Sa te boulvèse tout moun lavil Jerizalèm yo tou. Ewòd reyini tout chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo ki t'ap dirije pèp jwif la. Li mande yo: — Ki kote Kris la gen pou l fèt? Yo reponn li: — Se lavil Betleyèm nan peyi Jide li gen pou l fèt. Paske, men sa pwofèt la te ekri: Ou menm, Betleyèm, ki bati sou tè Jida a, pawòl sèten: se pa ou ki pi piti nan tout lavil peyi Jida yo. Paske, gen yon chèf ki gen pou sòti lakay ou. Se li menm ki va kondi moun Izrayèl yo, pèp mwen an. Se konsa, Ewòd fè nèg save yo vin jwenn li an kachèt. Li mande yo kilè egzakteman zetwal la te parèt. Apre sa, li voye yo ale Betleyèm. Li di yo: — Ale non! Chache konnen tout bagay sou ti pitit la. Lè n'a jwenn li, fè m konnen pou m sa kapab al adore l, mwen menm tou. Apre wa a te fin di yo sa, nèg save yo pati. Lè sa a, zetwal yo te wè nan peyi solèy leve a parèt devan yo ankò. Li t'ap mache devan yo. Zetwal la kontinye konsa jouk li rive sou tèt kay kote ti pitit la te ye a. Epi l rete. Lè yo te wè zetwal la, yo pat manke kontan. Yo antre nan kay la, yo wè ti pitit la ansanm ak Mari, manman li. Yo mete ajenou devan l, yo adore l. Apre sa, yo louvri sak yo, yo ba li anpil kado: te gen lò, lansan ak lami. Apre sa, Bondye pale ak nèg save yo nan dòmi, li avèti yo pou yo pa tounen bò kote Ewòd ankò. Se konsa mesye yo fè yon lòt wout pou yo tounen al nan peyi yo.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an