Matye 2

2
Nèg save sòti byen lwen nan zòn solèy leve vin wè Jezi
1Jezi te fèt Betlyèm nan Jide sou #Lik 2.1-7 wa Ewòd. Apre li fèt, kèk espesyalis nan etid zetwal te soti peyi solèy leve, yo rive Jerizalèm. 2Yo #Nonb 24.17 t'ap mande:
— Kote wa jwif yo ki fèk fèt la. Nou wè zetwal li depi peyi nou. Nou vin pou adore li.
3Lè wa Ewòd pran nouvèl la, sa te boulvèse tèt li. Sa te boulvèse tout moun lavil Jerizalèm yo tou. 4Ewòd reyini tout chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo ki t'ap dirije pèp jwif la. Li mande yo:
— Ki kote Kris la gen pou l fèt?
5Yo #Mi 5.2; Jan 7.42 reponn li:
— Se lavil Betleyèm nan peyi Jide li gen pou l fèt. Paske, men sa pwofèt la te ekri:
6Ou menm, Betleyèm, ki bati sou tè Jida a,
pawòl sèten: se pa ou ki pi piti nan tout lavil peyi Jida yo.
Paske, gen yon chèf ki gen pou sòti lakay ou.
Se li menm ki va kondi moun Izrayèl yo, pèp mwen an.
7Se konsa, Ewòd fè nèg save yo vin jwenn li an kachèt. Li mande yo kilè egzakteman zetwal la te parèt. 8Apre sa, li voye yo ale Betleyèm. Li di yo:
— Ale non! Chache konnen tout bagay sou ti pitit la. Lè n'a jwenn li, fè m konnen pou m sa kapab al adore l, mwen menm tou.
9Apre wa a te fin di yo sa, nèg save yo pati. Lè sa a, zetwal yo te wè nan peyi solèy leve a parèt devan yo ankò. Li t'ap mache devan yo. Zetwal la kontinye konsa jouk li rive sou tèt kay kote ti pitit la te ye a. Epi l rete. 10Lè yo te wè zetwal la, yo pat manke kontan. 11Yo #Sòm 72.10,15; Eza 60.6 antre nan kay la, yo wè ti pitit la ansanm ak Mari, manman li. Yo mete ajenou devan l, yo adore l. Apre sa, yo louvri sak yo, yo ba li anpil kado: te gen lò, lansan ak lami. 12Apre sa, Bondye pale ak nèg save yo nan dòmi, li avèti yo pou yo pa tounen bò kote Ewòd ankò. Se konsa mesye yo fè yon lòt wout pou yo tounen al nan peyi yo.
Jozèf ak Mari sove ale Lejip ak Jezi
13#Egz 2.15 nèg save yo fin ale, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi. Zanj lan di l konsa:
— Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l. Sove ale nan peyi Lejip. W'a rete la jouk lè m'a di ou pou ou tounen. Paske, Ewòd pral chache touye ti pitit la.
14Jozèf leve nan mitan lannwit lan, li pran ti pitit la ansanm ak manman l. Li pati, l'ale nan peyi Lejip. 15Jozèf #Oze 11.1 rete la jouk lè Ewòd mouri. Se konsa, pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te rive vre. Li te di: Mwen rele pitit mwen, mwen fè l sòti kite peyi Lejip.
Ewòd fè touye timoun lavil Betleyèm
16Lè Ewòd vin konprann se woule nèg yo woule li, li fè yon sèl kòlè! Li bay lòd touye dènye ti gason ki te Betleyèm, ak nan tout vwazinaj la, depi sa ki te fenk fèt jouk rive sou sa ki gen dezan, dapre dat mesye yo te ba li a. 17Se #Jer 31.15 konsa, pawòl pwofèt Jeremi te di a rive vre:
18Yo #Jen 35.19 tande yon rèl nan lavil Rama.
Yo tande kriye ak gwo anmwe.
Se Rachèl k'ap kriye pou pitit li yo.
Li pa vle pèsonn ba li kouray,
paske pitit li yo mouri.
Jozèf, Mari ak Jezi tounen nan peyi yo
19Apre Ewòd mouri, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi, antan l nan peyi Lejip la. 20Zanj #Egz 4.19 lan di l:
— Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l, tounen nan peyi Izrayèl la. Paske, moun yo ki te vle touye ti pitit la mouri.
21Lamenm Jozèf leve, li pran ti pitit la ansanm ak manman l, li tounen nan peyi Izrayèl la. 22Men, lè Jozèf vin konnen se Akelayis ki t'ap gouvènen peyi Jide a nan plas Ewòd, papa l, Jozèf te pè ale la. Bondye pale avè l ankò nan dòmi. Lè sa a, li pati, l'ale nan peyi Galile. 23Li #Lik 1.26; 2.39; Eza 11.1; 53.2; Jan 1.46 vin rete nan yon vil yo rele Nazarèt. Se konsa, pawòl pwofèt yo te di a rive vre: Y'a rele l moun Nazarèt. #2.23: Y'a rele l moun Nazarèt: Pa gen yon kote dirèk nan Ansyen Kontra a kote yo ka jwenn pawòl sa a.

Chwazi Kounye ya:

Matye 2: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an