Matye 19:16-30

Matye 19:16-30 HAT98

Yon nonm pwoche bò kote Jezi, li di l konsa: — Mèt, ki bon bagay mwen dwe fè pou m ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an? Jezi reponn li: — Poukisa w'ap poze m kèsyon sou sa ki bon? Se yon sèl ki bon. Si ou vle antre nan lavi a, se pou ou fè sa kòmandman yo mande. Nonm lan mande li: — Kilès kòmandman sa yo? Jezi reponn li: — Piga ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlò. Piga ou bay manti. Respekte papa ou ak manman ou. Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen tèt pa ou. Jennonm lan di li: — Mwen swiv tout bagay sa yo. Kisa pou m fè ankò? Jezi di li: — Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, w'a gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen. Lè jennonm lan tande pawòl sa yo, li vin kagou, li vire do l, l'ale paske li te gen anpil byen. Lè sa a, Jezi di disip li yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Sa ap difisil nèt pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la. M'ap di nou sa ankò: l'ap pi fasil pou yon bèf pase nan yon je zegwi pase pou yon moun rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la. Lè disip yo tande sa, yo pat manke sezi, yo di: — Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove? Jezi gade yo, li di: — Moun pa ka fè sa, se vre. Men, pa gen anyen Bondye pa kapab fè. Lè sa a, Pyè di li: — Men, koute non. Nou kite tout bagay pou nou swiv ou. Kisa k pral rive nou? Jezi reponn yo: — Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Lè Moun Bondye voye nan lachè a va chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li, lè tout bagay va chanje nèt, nou menm k'ap swiv mwen, n'a chita sou douz fòtèy tou, pou nou ka jije douz branch ras Izrayèl la. Nenpòt moun ki va kite kay li, osinon frè l, osinon sè l, osinon papa l, osinon manman l, osinon pitit li, osinon jaden l, poutèt mwen, moun sa a gen pou l resevwa san (100) fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p'ap janm fini an. Anpil nan moun ki devan yo va rete dèyè. Anpil nan moun ki dèyè yo va pran devan.