— Atansyon: Piga nou meprize yon sèl nan ti piti sa yo. Paske m'ap di nou sa: zanj gadyen yo ki nan syèl la, se tout tan yo la devan Papa m ki nan syèl la. [ Paske, Moun Bondye voye nan lachè a vin delivre sa ki te pèdi.] — Sa nou konprann nan sa? Si yon nonm gen san mouton, epi li rete konsa li pa wè yonn ladan yo, eske li p'ap kite katrevendiznèf lòt yo sou mòn lan, pou l'ale chache mouton ki pèdi a? Si l rive jwenn li menm, se vre wi, sa m'ap di nou la a, l'ap pi kontan pou mouton sa a pase pou katrevenndiznèf lòt yo ki pat pèdi. Konsa tou, Papa nou ki nan syèl la pa ta renmen wè yon sèl nan ti piti sa yo rive pèdi.
Li Matye 18
Koute Matye 18
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 18:10-14
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo