Matye 17:9-20

Matye 17:9-20 HAT98

Antan yo t'ap desann mòn lan, Jezi ba yo lòd sa a: — Pa pale ak pèsonn sou sa nou sot wè a, jouk mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a leve sòti vivan nan lanmò. Twa disip yo poze l kèsyon sa a: — Poukisa dirèktè lalwa yo di se pou Eli vin anvan? Jezi reponn yo: — Se vre. Eli gen pou l vin anvan, pou l mete tout bagay nan lòd. Men, m'ap di nou sa: Eli vin deja. Men, yo pat rekonèt li, yo fè l tou sa yo te vle. Se konsa tou, yo gen pou yo maltrete Moun Bondye voye nan lachè a. Lè sa a, disip yo vin konprann li t'ap pale yo sou Jan Batis. Lè yo rive kote foul moun yo, yon nonm pwoche bò kote Jezi, li lage kò l ajenou devan l, li di: — Mèt, gen pitye pou pitit gason m lan. Li gen malkadi. Lè ou tande kriz la pran l konsa, anpil fwa li tonbe nan dife osinon nan dlo. Mwen mennen li bay disip ou yo, yo pa ka geri li. Jezi reponn: — Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m sipòte nou? Mennen ti gason an isit ban mwen. Jezi pale sevè ak move lespri a. Lespri a sòti. Menm lè a, ti nonm lan geri. Apre sa, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo mande l apa: — Poukisa nou pat kapab chase move lespri sa a? Jezi di yo: — Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè. [

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an