Sis jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, li mennen yo pou kont yo sou tèt yon mòn byen wo. Antan Jezi te la, li pran chanje devan yo. Figi l vin klere tankou solèy la. Rad li vin blan tankou yon limyè. Twa disip yo wè Moyiz ak Eli parèt, yo t'ap pale ak Jezi. Lè sa a, Pyè pran lapawòl, li di: — Mèt, sa bon nèt wi pou nou isit la. Si ou vle, m'a moute twa tant: yonn pou ou, yonn pou Moyiz, yonn pou Eli. Antan Pyè t'ap pale toujou, yon nyaj byen klere vin kouvri yo. Yo tande yon vwa sòti nan nyaj la, li di: — Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil. Koute li. Lè disip yo tande vwa a yo tonbe fas atè tèlman yo te pè. Men, Jezi pwoche bò kote yo, li manyen yo, li di: — Leve non, nou pa bezwen pè. Yo leve je yo, yo wè Jezi te pou kont li. Antan yo t'ap desann mòn lan, Jezi ba yo lòd sa a: — Pa pale ak pèsonn sou sa nou sot wè a, jouk mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a leve sòti vivan nan lanmò.
Li Matye 17
Koute Matye 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 17:1-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo