Matye 17:1-21

Matye 17:1-21 HAT98

Sis jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, li mennen yo pou kont yo sou tèt yon mòn byen wo. Antan Jezi te la, li pran chanje devan yo. Figi l vin klere tankou solèy la. Rad li vin blan tankou yon limyè. Twa disip yo wè Moyiz ak Eli parèt, yo t'ap pale ak Jezi. Lè sa a, Pyè pran lapawòl, li di: — Mèt, sa bon nèt wi pou nou isit la. Si ou vle, m'a moute twa tant: yonn pou ou, yonn pou Moyiz, yonn pou Eli. Antan Pyè t'ap pale toujou, yon nyaj byen klere vin kouvri yo. Yo tande yon vwa sòti nan nyaj la, li di: — Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil. Koute li. Lè disip yo tande vwa a yo tonbe fas atè tèlman yo te pè. Men, Jezi pwoche bò kote yo, li manyen yo, li di: — Leve non, nou pa bezwen pè. Yo leve je yo, yo wè Jezi te pou kont li. Antan yo t'ap desann mòn lan, Jezi ba yo lòd sa a: — Pa pale ak pèsonn sou sa nou sot wè a, jouk mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a leve sòti vivan nan lanmò. Twa disip yo poze l kèsyon sa a: — Poukisa dirèktè lalwa yo di se pou Eli vin anvan? Jezi reponn yo: — Se vre. Eli gen pou l vin anvan, pou l mete tout bagay nan lòd. Men, m'ap di nou sa: Eli vin deja. Men, yo pat rekonèt li, yo fè l tou sa yo te vle. Se konsa tou, yo gen pou yo maltrete Moun Bondye voye nan lachè a. Lè sa a, disip yo vin konprann li t'ap pale yo sou Jan Batis. Lè yo rive kote foul moun yo, yon nonm pwoche bò kote Jezi, li lage kò l ajenou devan l, li di: — Mèt, gen pitye pou pitit gason m lan. Li gen malkadi. Lè ou tande kriz la pran l konsa, anpil fwa li tonbe nan dife osinon nan dlo. Mwen mennen li bay disip ou yo, yo pa ka geri li. Jezi reponn: — Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m sipòte nou? Mennen ti gason an isit ban mwen. Jezi pale sevè ak move lespri a. Lespri a sòti. Menm lè a, ti nonm lan geri. Apre sa, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo mande l apa: — Poukisa nou pat kapab chase move lespri sa a? Jezi di yo: — Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè. [ Men, kalite lespri sa yo, se fòs lapriyè ak jèn ki pou fè yo sòti.]