Matye 16:5-28

Matye 16:5-28 HAT98

Lè disip yo janbe lòt bò lanmè a, yo te bliye pote pen. Lè sa a, Jezi di yo: — Fè atansyon, pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo. Disip yo yonn t'ap di lòt: — Se paske nou pa pote pen kifè l'ap di sa. Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: — Poukisa nou yonn ap di lòt se paske nou pa pote pen kifè m'ap di sa? Ala nou manke konfyans nan Bondye! Nou poko ka konprann toujou! Se bliye nou gentan bliye lè m te separe senk pen bay senkmil (5.000) moun lan? Nou pa chonje konbe panyen nou te pote ale? Se bliye nou gentan bliye lè m te separe sèt pen bay katmil (4.000) moun lan? Nou pa chonje konbe panyen nou te pote ale apre sa? Ki jan nou fè konprann se sou pen mwen t'ap pale nou, lè mwen di nou: pran prekosyon nou ak ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo? Se lè sa a disip yo konprann li pat di yo pran prekosyon ak ledven yo fè pen, men ak tout bagay farizyen yo ak sadiseyen yo t'ap moutre moun. Apre sa, Jezi ale nan rejyon ki toupre lavil Sezare Filip la. Li mande disip li yo: — Ki moun yo di mwen ye, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a? Yo reponn li: — Gen moun ki di se Jan Batis ou ye. Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se Jeremi osinon yonn nan pwofèt yo. Li di yo: — Bon, epi nou menm menm, kilès moun nou di mwen ye? Simon Pyè reponn: — Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an. Lè sa a, Jezi di li: — Ou wè ou menm, Simon, pitit Jan an, ou se yon nonm Bondye beni. Paske, se pa moun ki fè ou konn verite sa a. Men, se Papa m ki nan syèl la ki fè sa pou ou. Mwen menm, men sa m'ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè l anyen. M'ap ba ou kle Peyi Wa ki nan syèl la. Tou sa ou va defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l nan syèl la nonplis. Tou sa ou va pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l nan syèl la tou. Apre sa, li bay disip li yo lòd pou yo pa di pèsonn se Kris la li ye. Depi lè sa a, Jezi konmanse pale aklè ak disip li yo, li di: — Fòk mwen moute lavil Jerizalèm. Fòk mwen soufri anpil nan men chèf fanmi yo, nan men chèf prèt yo, nan men dirèktè lalwa yo. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou, mwen gen pou m leve sòti vivan nan lanmò. Lè sa a, Pyè rele Jezi sou kote, li di l konsa: — Mande Bondye padon, Mèt! Sa p'ap rive ou. Men, Jezi vire tèt li, li di Pyè konsa: — Wete kò ou sou mwen, Satan. W'ap chache fè m tonbe. Lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle. Apre sa, Jezi di disip li yo: — Si yon moun vle mache dèyè m, se pou li bliye tèt li. Se pou l chaje kwa l sou zepòl li, epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen, li va jwenn li ankò. Kisa sa ta sèvi yon moun pou l ta genyen lemonn antye si l pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l gen lavi? Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan moun ki la kounyeya, gen ladan yo ki p'ap gentan mouri san yo pa wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen tankou yon wa k'ap gouvènen.