Depi lè sa a, Jezi konmanse pale aklè ak disip li yo, li di: — Fòk mwen moute lavil Jerizalèm. Fòk mwen soufri anpil nan men chèf fanmi yo, nan men chèf prèt yo, nan men dirèktè lalwa yo. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou, mwen gen pou m leve sòti vivan nan lanmò. Lè sa a, Pyè rele Jezi sou kote, li di l konsa: — Mande Bondye padon, Mèt! Sa p'ap rive ou. Men, Jezi vire tèt li, li di Pyè konsa: — Wete kò ou sou mwen, Satan. W'ap chache fè m tonbe. Lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle.
Li Matye 16
Koute Matye 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 16:21-23
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo