Jezi kite kote l te ye a, li mache sou bò lanmè Galile a. Li moute sou yon ti mòn, li chita la. Yon bann moun vin jwenn li. Yo mennen moun k'ap bwete, moun ki avèg, bèbè, enfim ansanm ak anpil lòt moun malad ankò. Yo mete yo nan pye Jezi. Jezi geri yo. Foul moun yo te sezi anpil lè yo wè sa: bèbè yo pale, enfim yo geri, moun k'ap bwete yo mache dwat, avèg yo wè. Lè sa a, yo pran fè lwanj Bondye pèp Izrayèl la. Jezi rele disip li yo, li di: — Kè m fè m mal pou moun sa yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m, yo pa gen anyen pou yo manje ankò. Mwen pa vle voye yo ale konsa san manje. Yo ka tonbe feblès nan chemen an. Disip yo mande li: — Nan dezè sa a, ki bò pou nou jwenn pen pou bay tout moun sa yo manje? Jezi mande yo: — Konbe pen nou gen konsa? Yo reponn li: — Nou gen sèt pen ak kèk ti pwason. Lè sa a, Jezi fè foul moun yo chita atè. Li pran sèt pen yo ak pwason yo. Li rann Bondye gras. Li kase yo renmèt disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun. Tout moun te manje plen vant yo. Disip yo plen sèt panyen pote ale ak moso ki te rete yo.
Li Matye 15
Koute Matye 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 15:29-37
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo