— Se poutèt sa m'ap pale an parabòl ak moun yo. Paske lè y'ap gade, yo pa wè. Lè y'ap koute, yo pa tande, ni yo pa konprann. Konsa, sa pwofèt Ezayi te di a rive vre pou yo: N'a tande nan zòrèy nou, men, nou p'ap konprann. N'a gade ak je nou, men, nou p'ap wè. Paske, lespri pèp sa a vin lou. Yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo, pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande nan zòrèy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m geri yo. Se Bondye ki pale konsa. — Men, pou nou menm, benediksyon pou nou: paske nou wè ak je nou, nou tande nan zòrèy nou. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Anpil pwofèt ak anpil moun ki mache dwat devan Bondye te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pat wè li. Yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pat tande li.
Li Matye 13
Koute Matye 13
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 13:13-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo