Matye 11:2-19

Matye 11:2-19 HAT98

Antan Jan Batis te nan prizon, te nan prizon an, li voye kèk patizan li mande Jezi: — Eske se ou ki moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon eske nou dwe tann yon lòt? Jezi reponn yo: — Ale rakonte bay Jan sa nou tande ak sa nou wè: Je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soudè yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bòn Nouvèl la. Benediksyon pou moun ki pa jwenn nan mwen okazyon pou tonbe nan peche. Lè patizan Jan yo al fè wout yo, Jezi pran pale ak foul la sou Jan. Li di yo konsa: — Sa nou te al wè nan dezè a? Yon pye wozo van t'ap souke? Non. Men, kisa nou te al wè menm? Yon nonm abiye ak bèl rad? Ala, moun ki mete bèl rad, se kay wa a yo jwenn yo. Manyè di m kisa nou te al wè menm? Yon pwofèt? Wi, mwen menm mwen di nou: li pi plis pase yon pwofèt. Men sa ki te ekri sou Jan: Men m'ap voye mesaje m lan devan ou. Li va louvri chemen an devan pou ou. — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan tout moun ki fèt sou latè pa gen yonn ki pi konsekan pase Jan Batis. Malgre sa, moun ki pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la, pi konsekan pase l. Depi sou tan Jan Batis jouk jòdi a, Peyi Wa ki nan syèl la anba gwo goumen. Se moun ki konn goumen k'ap antre ladan l. Anvan Jan Batis te rive, tout pwofèt yo ansanm ak lalwa Moyiz la te pale sou Peyi Bondye a. Si nou vle kwè l: Jan Batis se Eli ki te gen pou vini an. Si nou gen zòrèy pou n tande, tande. — Ak ki moun mwen ta konpare moun k'ap viv nan tan alèkile yo? Yo sanble timoun ki chita sou plas piblik, yonn ap rele lòt pou di l konsa: Nou jwe mizik cho pou nou, nou pa danse. Nou chante chante tris, nou pa kriye. — Jan Batis vini. Li pa manje ak moun, li pa bwè ak moun. Yo di li gen move lespri sou li. Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, yo di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase li konnen! Se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye! Men tou, lè nou wè rezilta sa Bondye fè, nou rekonèt se li menm nan bon konprann li ki gen rezon.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an