Lè Jezi fin bay douz disip li yo tout lòd sa yo, li kite kote li te ye a, li pati, l'ale nan lòt lavil peyi a. Li t'ap mache bay mesay la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Antan Jan Batis te nan prizon, te nan prizon an, li voye kèk patizan li mande Jezi: — Eske se ou ki moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon eske nou dwe tann yon lòt? Jezi reponn yo: — Ale rakonte bay Jan sa nou tande ak sa nou wè: Je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soudè yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bòn Nouvèl la. Benediksyon pou moun ki pa jwenn nan mwen okazyon pou tonbe nan peche.
Li Matye 11
Koute Matye 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 11:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo