Matye 10:5-42

Matye 10:5-42 HAT98

Jezi voye douz mesye yo ale, li ba yo lòd sa a: — Piga n'ale nan peyi moun lòt nasyon yo. Pa antre nan lavil Samari yo. Okontrè, ale tout kote n'a jwenn moun ras Izrayèl yo ki pèdi. Sou tout wout nou, bay mesay sa a: Gouvènman Wa ki nan syèl la prèt pou rive. Geri moun ki malad. Fè moun mouri yo leve. Geri moun ki malad ak lalèp. Chase move lespri yo. Se gratis nou resevwa, se gratis tou pou nou bay. Pa soti ni ak lò, ni ak lajan peyi, ni ak lajan etranje nan pòch nou. Nou pa bezwen pote sak pou vwayaj la. Pa pran ni rad derechany, ni soulye derechany, ni baton. Paske ouvriye merite salè li. — Lè nou rive nan yon lavil, osinon nan yon ti bouk, mande si gen moun ki vle resevwa nou. Rete lakay li jouk lè nou pati. Lè n'ap antre nan kay la, n'a di: Benediksyon Bondye sou kay la. Si moun nan kay la resevwa nou, benediksyon nou an va desann sou yo. Men, si yo pa vle resevwa nou, benediksyon an va tounen vin jwenn nou. Si yo pa vle resevwa nou, si yo pa vle koute pawòl nou, sòti nan kay la, osinon nan lavil la, al fè wout nou. Souke pousyè pye nou. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Jou jijman an, y'ap pini moun lavil sa a pi rèd pase moun Sòdòm ak moun Gomò. — Gade, mesye! M'ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sa ki fè, se pou nou veyatif kou pentad. Se pou nou konfyan kou ti poul ki dèyè manman yo. Pran prekosyon nou ak tout moun. Paske y'a trennen nou devan tribinal, y'a bat nou ak kout fwèt nan sinagòg yo. Y'a fè nou konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou kapab sèvi m temwen devan yo ak devan moun lòt nasyon yo. Men, lè y'a mennen nou nan tribinal, pa bat kò nou chache sa n'a gen pou n di, ni jan n'a gen pou n pale. Lè lè a va rive, Bondye va mete nan bouch nou sa n'a gen pou n di. Paske, se pa nou menm ki va pale, men se Lespri Papa nou an ki va mete pawòl nan bouch nou. — Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit. Pitit va leve kont papa ak manman pou fè touye yo. Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se yo ki va sove. Lè y'a pèsekite nou nan yon lavil, sove ale nan yon lòt. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun Bondye voye nan lachè a va gentan vini anvan n'a fin mache nan tout lavil ki nan peyi Izrayèl la. — Yon elèv pa pi fò pase mèt li. Nitou, yon domestik pa pi grannèg pase patwon li. Si yon elèv rive fò tankou mèt li, sa kont pou li. Si yon domestik rive tankou patwon li, sa ase pou li. Si yo rele mèt kay la Bèlzeboul, se pa lòt moun nan kay la yo pa ta bay pi move non toujou! — Se sa k fè nou pa bezwen pè pèsonn. Pa gen anyen ki kache ki p'ap dekouvri yon lè. Nanpwen sekrè ki p'ap devwale. Tou sa m'ap di nou nan fènwa, nou menm repete l gwo lajounen. Tou sa yo di nou nan zòrèy, mache bay li nan tout kalfou. Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè. Eske se pa yon ti monnen yon pè zwazo koute? Malgre sa, pa gen yon sèl ki tonbe atè san se pa Bondye ki pèmèt sa rive. Pou nou menm menm, ata grenn cheve nan tèt nou, yo tout konte. Se sa k fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwazo. — Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm tou, m'a kanpe pou li devan Papa m ki nan syèl la. Men tou, moun ki va kanpe devan lèzòm pou di li pa konnen m, mwen menm tou, m'a kanpe devan Papa m ki nan syèl la, m'a di mwen pa konnen l. — Pa mete nan tèt nou se lapè mwen vin mete sou latè. Mwen pa vin mete lapè, men mwen vin mete divizyon. Mwen vin mete divizyon ant pitit gason ak papa yo, ant pitit fi ak manman yo, ant bèlfi ak bèlmè yo. Se pwòp fanmi nou ki va pi gwo lènmi nou. — Moun ki renmen papa l osinon manman l plis pase m pa kapab moun pa m. Moun ki renmen pitit gason l osinon pitit fi l plis pase m pa kapab moun pa m. Moun ki pa pran kwa l pou l swiv mwen, li pa kapab moun pa m nonplis. Moun k'ap chache asire lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen va jwenn li ankò. — Moun ki resevwa nou, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa mwen, li resevwa moun ki voye m lan tou. Moun ki resevwa yon pwofèt Bondye paske se pwofèt Bondye li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon pwofèt. Moun ki resevwa yon nonm k'ap mache dwat devan Bondye paske se yon moun dwat li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon moun k'ap mache dwat. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki va bay yonn nan ti piti sa yo menm yon gode dlo frèt paske se disip mwen li ye, moun sa a p'ap pèdi rekonpans li.