— Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm tou, m'a kanpe pou li devan Papa m ki nan syèl la. Men tou, moun ki va kanpe devan lèzòm pou di li pa konnen m, mwen menm tou, m'a kanpe devan Papa m ki nan syèl la, m'a di mwen pa konnen l. — Pa mete nan tèt nou se lapè mwen vin mete sou latè. Mwen pa vin mete lapè, men mwen vin mete divizyon. Mwen vin mete divizyon ant pitit gason ak papa yo, ant pitit fi ak manman yo, ant bèlfi ak bèlmè yo. Se pwòp fanmi nou ki va pi gwo lènmi nou. — Moun ki renmen papa l osinon manman l plis pase m pa kapab moun pa m. Moun ki renmen pitit gason l osinon pitit fi l plis pase m pa kapab moun pa m. Moun ki pa pran kwa l pou l swiv mwen, li pa kapab moun pa m nonplis. Moun k'ap chache asire lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen va jwenn li ankò.
Li Matye 10
Koute Matye 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 10:32-39
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo