Men yon lòt bagay nou fè ankò: N'ap benyen lotèl Senyè a ak dlo ki sot nan je nou. N'ap kriye, n'ap plenyen paske Senyè a pa menm gade ofrann nou fè l yo, li derefize asepte anyen nan men nou. Epi n'ap mande poukisa? Se paske Senyè a wè sa ou fè fi ou marye ak li depi ou jenn lan. Ou te pase kontra avè li, ou te pwomèt Bondye ou t'ap kenbe li pou madanm ou pou tout tan. Eske Bondye pa te fè nou tounen yon sèl kò ak yon sèl nanm? Respekte angajman nou te pran ak madanm nou marye ak li depi nou jenn lan non.
Li Malachi 2
Koute Malachi 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Malachi 2:13-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo