Nan denmen, yo desann sòti sou mòn lan. Yon gwo foul moun te vin kontre Jezi. Nan mitan foul la, yon nonm pran rele: — Mèt, tanpri, voye je ou sou pitit gason m lan. Souple, se yon sèl la mwen genyen. Li gen yon movezespri ki konn pran li. Lè konsa, lespri a fè li fè gwo rèl. Li souke li byen souke epi li fè li kimen. Se pa ti maltrete li maltrete ti bway la. Epi se avèk anpil traka lè pou li soti sou li. Mwen te mande disip ou yo pou yo te chase move lespri a, men yo pat kapab. Jezi reponn: — Ala ras moun san konfyans! Ala ras moun pèvèti! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou! Jouk ki tan pou m' sipòte nou ankò! Mennen ti bway la ban mwen. Pandan yo t'ap mennen ti bway la vini, movezespri a fese li atè souke li byen souke. Men Jezi te pale byen rèd ak movezespri a. Li geri pitit la epi li renmèt li bay papa li.
Li Lik 9
Koute Lik 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 9:37-42
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo